Actualités

Sekirite: Lapolis dejwe yon tantativ kidnapin nan tomasen 32

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn nou Lapolis Nasyonal Dayiti dejwe yon tantativ kidnapin ki tap pare pou fèt nan Tomasen 32 jou ki te madi 3 janvye 2023 a.

Bilan : gen 3 bandi ki fè pati gang “Ti Makak la” ki jwenn lanmò nan echanj kout zam avèk lapolis, gen 3 polisye ki blese, lapolis rekipere yon fizi otomatik, 4 veyikil ladan yo, yon motosiklèt.

« Lapolis Nasyonal detèmine pou ranfòse patrouy ak chèk woutin kap fèt nan lari a pou anpeche malfra kontinye teworize popilasyon an. » se sa PNH la fè konnen sou paj Facebook li

Nan Kwadèboukè, Dèlma, Petyonvil ak nan tout lòt vil nan peyi a, lapolis la pap kanpe pou kwape bandi epi derasinen gang yo. Menm jan ak lane 2022 a, lapolis konte sou kolaborasyon popilasyon an pou kontinye gwo batay sa pandan tout lane 2023 a.

Mag.2 News

Laisser un commentaire

Bouton retour en haut de la page
error: Content is protected !!
Fermer

Adblock Détecté

Veuillez désactiver votre Adblock pour continuer. Merci!